Lakay Se lakay eske nou renmen LALO ?

avatar

90609FBC-F2A2-437B-8852-ABF34F1A2D4E.jpeg

Mwen passé Kay yon zanmi’m epi li fè yon nèg planté lalo a pou li Sa gen de semen.
Moun latibonit renmen lalo anpil.
Yo vann lalo nan tout ti makèt nan zon nan.
Depi jen antre jiska septanm lalo gaye.

Fòk ou gen grenn lan pou ou ka plante li.
Pye lalo la bay grenn si ou kite’l lan tè a byen kontan.
Lalo renmen anpil dlo pou li ka grandi.
F54E8A91-B13F-463E-9905-D4D9069C9FE4.jpeg

Si yon moun te ka plante lalo la nan yon kote ki kontwole ou te ka fè lalo tout ané a.
Mwen pa konen si tout peyi renmen lalo
Moun latibonit renmen mangé LALO all diri blan.
Siw gen sòs pwa li se extra.
Ou ka mete anpil viann ladan’l.
Viann lanmè tankou kribish ak krab sirik bon anpil.
Gen moun ki mete viann kochon.
Gen moun ki mete lòt viann tankou poul ak kodenn.
1D3B37B2-AF1D-4ADC-AD88-B7ED91BDEED8.jpeg

Ou paka kwit lalo poukont li.
Fòk ou patage Li ak epina.
Gen moun ki mete epina chinwa.
Fòk li bouyi pou li redwi.
Siw abitye avèl e moun nan kont fè mangé
Wap mangé lalo chak jou epi ou pap mandé rete.
Lalo bon lè li rete pou demen.
Eske ou konn mangé Lalo?



0
0
0.000
3 comments
avatar

Wi, mw renmen lalo anpil, avek anpil viann e krab. Menm si ou de lwen depiw pran sant li ou kitan konnen son lalo k'ap kwitt...

Posted using Partiko Android

0
0
0.000